Kesyon sou Bank Seasoning 1. Kisa Bank Seasoning vle di? Bank Seasoning refere a konbyen tan kont bank biznis ou a gen tan louvri e aktif. Lendè yo vle wè kont ou a ap opere pou omwen 30–60 jou (pafwa plis) anvan yo apwouve w pou kredi biznis oswa finansman. Sepandan, Bank Seasoning sa yo ka pi kout selon relasyon pèsonèl ou genyen kounye a ak bank lan. 2. Poukisa Bank Seasoning enpòtan? Bank yo wè nouvo kont kòm plis risk. Yon kont ki gen Bank Seasoning montre: - LLC ou a se yon bagay reyèl k ap opere. - Ou gen depo ak aktivite ki konsistan. - Gen mwens chans ou se yon "shell" company k ap eseye jwenn kredi san istwa. San bon Bank Seasoning, anpil bank (tankou Chase, Bank of America, Wells Fargo) ap refize oswa limite aplikasyon kredi w yo. 3. Ki minimòm Bank Seasoning yo egzije pou finansman biznis? Pa gen yon peryòd Bank Seasoning fiks ki aplike pou chak kliyan oswa chak bank. Istwa bankè biznis yo egzije a ka varye selon relasyon pèsonèl kliyan an deja genyen ak bank lan, laj ak fòs relasyon sa a, ak politik entèn bank lan pou louvri ak kenbe yon kont chekin biznis. Gen kèk bank ki ka konfòtab ba kliyan ki gen yon bon relasyon bankè pèsonèl deja etabli kredi biznis, pandan lòt bank ka mande pou kont chekin biznis la rete louvri pandan yon sèten peryòd anvan yo konsidere yon aplikasyon kredi biznis. KM Opulence Solutions ap revize pwofil pèsonèl ak biznis kliyan an, relasyon bankè ki deja egziste yo, pwofil kredi, ak objektif finansman, epi konseye sou estrateji bankè ak aplikasyon ki apwopriye selon egzijans bank spesifik la. 4. Konbyen kòb mwen bezwen prepare pou Bank Seasoning? Ou bezwen anviwon $50-$100 pou pi piti, oubyen $1,000 rive $5,000 pou louvri 4 rive 5 kont cheking biznis anmenmtan. Plis lajan ou depoze, se pi bon pou ou. KM Opulence Solutions ap ba w estrateji a selon kapasite w pou louvri kont chekin biznis. 5. Èske kont bank pèsonèl konte pou Bank Seasoning? Non. Relasyon bankè pèsonèl ou ak bank lan toujou enpòtan e li ka ede ranfòse relasyon jeneral ou a. Sepandan, gen yon kont chekin biznis anba LLC ou a ka ranfòse relasyon sa a plis toujou epi mete biznis ou nan yon pi bon pozisyon pou opòtinite finansman.