Byenveni nan RE100 AI CREATOR
Sa a se premye lekòl AI an Kreyòl ayisyen.
Ou pa bezwen konn anglè. Ou pa bezwen gen òdinatè. Ou pa bezwen konn anyen sou teknoloji. Sèl bagay ou bezwen se telefòn ou ak volonte pou aprann.
SA W AP APRANN ISIT LA:
Kijan pou sèvi ak ChatGPT ak lòt zouti AI yo, etap pa etap, an Kreyòl
Kijan pou kreye imaj pwofesyonèl san ou pa konn desine
Kijan pou fè videyo AI ki fè moun rete gade
Kijan pou kreye avata ak vwa AI
Kijan pou tounen tout sa an kòb: kliyan, sèvis, kontni ki peye
KIJAN SA MACHE:
Nouvo leson chak semèn nan Classroom lan
Live koutchèk chak semèn pou reponn kesyon ou
Yon kominote moun k ap fè menm wout ak ou, ou pa pou kont ou
Anpil moun ap gade AI ap chanje mond lan epi y ap rete dèyè paske tout bagay an anglè. Nou pa ap kite sa rive ou.
Antre. Kòmanse jodi a.