🅾️ 1) Metòd Snowball (Boul Nèj) ❄️ Objektif: Peye dèt ki gen pi piti balans lan an premye pou jwenn viktwa rapid. Kijan li mache: 1. Ekri tout dèt kat kredi ou yo soti nan pi piti balans rive nan pi gwo balans. 2. Peye minimòm sou tout kat yo chak mwa. 3. Mete tout lajan siplemantè ou genyen sou kat ki gen pi piti balans lan. 4. Lè premye kat la fini, pran lajan ou t ap mete sou li a epi ajoute li sou pwochen dèt la. 5. Kontinye fè menm bagay la jiskaske tout dèt yo fini. Egzanp: Ou gen: - Kat A: $300 balans - Kat B: $1,000 balans - Kat C: $5,000 balans Avèk SNOWBALL METOD 1️⃣ Ou peye Kat A ($300) an premye. 2️⃣ Lè Kat A fini, ou pran lajan ou t ap peye sou li a epi mete li sou Kat B. 3️⃣ Lè Kat B fini, ou mete tout lajan an sou Kat C. ✅ Avantaj: - Ou jwenn rezilta rapid. - Ou wè ti dèt yo disparèt pi vit. - Sa ede w rete motive pou kontinye. - ❌ Dezavantaj: - Ou ka peye plis enterè paske ou pa kòmanse ak kat ki gen pi gwo enterè a. ✴️ 2) Metòd AVALANCHE ⛰️ Objektif: Peye dèt ki gen pi gwo to enterè (APR) an premye pou ekonomize plis lajan. Kijan li mache: 1. Ekri tout kat kredi ou yo soti nan pi gwo APR rive nan pi piti APR. 2. Peye minimòm sou tout kat yo. 3. Mete tout lajan siplemantè ou genyen sou kat ki gen pi gwo enterè a. 4. Lè kat sa fini, pase sou kat ki gen pwochen pi gwo enterè a. 5. Kontinye jiskaske tout dèt yo fini. Egzanp: Ou gen: - Kat A: $2,000 balans ak 29% APR - Kat B: $1,000 balans ak 22% APR - Kat C: $5,000 balans ak 18% APR Avèk Avalanche Method: 1️⃣ Ou peye Kat A (29% enterè) an premye. 2️⃣ Apre sa, ou peye Kat B (22%). 3️⃣ Finalman, ou peye Kat C (18%). ✅ Avantaj: - Ou ekonomize plis lajan sou enterè. - Se metòd ki pi efikas matematikman. - Ou ka soti nan dèt pi vit. ❌ Dezavantaj: - Premye viktwa a ka pran plis tan si premye dèt la gwo. Ki metòd ki pi bon? Si ou bezwen motivasyon epi ou vle wè dèt disparèt rapid: ➡️Snowball Method pi bon pou ou. Si ou disipline epi ou vle ekonomize plis lajan sou enterè: